Men sa ou bezwen konnen sou Koronaviris la.
Se yon viris ki lakòz maladi respiratwa ki te detekte pou premye fwa nan peyi Lachin. Kounye a, yo detekte l nan 60 kote atravè lemond, Etazini ladan l. Koronaviris yo se yon gwo fanmi viris ki kouran lakay moun ak nan plizyè espès bèt diferan, tankou kamèl, bèf, chat, ak lenn. Raman, kowonaviris ki soti nan bèt ka enfekte moun epi apre sa gaye ant moun, tankou sa k te rive ak MERS-CoV, SARS-CoV, epi kounye a ak nouvo viris sa a (yo rele SARS-CoV-2). Toule twa viris sa yo soti nan rat sovaj. Anpil nan pasyan yo nan sant epidemi an nan Wuhan, nan Pwovens Hubei, Lachin, te gen yon koneksyon ak yon gwo mache fwidmè ak bèt vivan, sa ki sijere transmisyon bèt-a-moun. Men, yon kantite pasyan k ap ogmante te rapòte ke yo pa t gen okenn kontak ak mache bèt yo, sa ki endike transmisyon moun-a-moun. Viris SARS-CoV-2 la lakòz Maladi Koronaviris 2019 (COVID-19)
Kijan li gaye?
Transmisyon de moun a moun
- Yo panse viris la gaye sitou de moun a moun.
- Ant moun ki an kontak sere youn ak lòt (nan apeprè 6 pye).
- Atravè gout respiratwa ki pwodui lè yon moun enfekte tous oswa estènen. Gout sa yo ka tonbe nan bouch oswa nan nen moun ki toupre oswa yo ka respire yo nan poumon.
Gaye lè w manyen sifas oswa objè ki enfekte.
Li posib pou yon moun pran COVID-19 lè li manyen yon sifas oswa yon objè ki gen viris la sou li epi apre sa li manyen bouch li, nen li, oswa petèt je li., men yo pa panse se fason prensipal viris la gaye.
Èske mwen ka gaye viris la san m pa malad?
- Yo panse moun yo ye ki pi kontajye lè yo gen sentòm yo pi fò (lè yo pi malad).
- Gen kèk transmisyon ki ka posib anvan moun yo montre sentòm; te gen rapò ki di sa rive ak nouvo kowonaviris sa a, men yo pa panse se se fason prensipal viris la gaye.
Ki sentòm yo ye?
Maladi ki rapòte yo varye ant sentòm ki lejè rive sou maladi grav ak lanmò pou ka maladi kowonaviris 2019 (COVID-19) ki konfime yo.
Sentòm yo ka parèt 2 a 14 jou apre ekspoze a:
- Fèb
- Tous
- Souf kout
Ki kèk fason pou anpeche w pran COVID-19?
Kounye a, pa gen vaksen pou anpeche maladi kowonaviris 2019 (COVID-19). Pi bon fason pou anpeche maladi a se evite ekspoze a viris sa a. Sepandan, kòm yon rapèl, CDC toujou rekòmande aksyon prevantif chak jou pou ede anpeche pwopagasyon maladi respiratwa, pami yo genyen:
- Evite kontakte sere ak moun ki malad.
- Evite manyen je w, nen w, ak bouch ou.
- Rete lakay ou lè ou malad.
- Kouvri tous ou oswa estènen ou ak yon mouchwa, epi jete mouchwa a nan fatra.
- Netwaye epi dezenfekte objè ak sifas yo manyen souvan, lè w itilize yon espre oswa yon panno netwayaj pou kay.
Swiv rekòmandasyon CDC yo pou itilize yon mask.
- Moun ki montre sentòm COVID-19 ta dwe itilize mask pou ede anpeche pwopagasyon maladi a bay lòt moun. Itilizasyon mask la esansyèl tou pou pèsonèl sante ak moun k ap pran swen yon moun nan anviwònman sere (lakay oswa nan yon etablisman swen sante).
- Lave men ou souvan ak dlo ak savon pou omwen 20 segonn, espesyalman apre ou fin ale nan twalèt; anvan ou manje; epi apre ou fin soufle nen ou, tous oswa estènen.
- Si savon ak dlo pa disponib fasil, itilize yon dezenfektan pou men ki baze sou alkòl ki gen omwen 60% alkòl. Toujou lave men ou ak savon ak dlo si men ou parèt sal.
Doktè Rozalyn H. Paschal M.D. Règleman Biwo pou Kovid-19